Montpellier, yon kafou enpòtan pou refleksyon sou enfòmasyon Koneksyon ap prezante yon seri espesyal sou evèlman-an
Jan n te pwomèt ou li, nou vini ak tout enfòmasyon sou aktivite ki fèt nan Montpellier an Frans kote 150 aktè nan kesyon enfòmasyon an liy te reyini pou diskite sou domèn y ap travay ladan l la.
Se te 3èm rankont anyèl 4M, ki vle di Media Mutation Montpellier Mediteranée. Evenman entènasyonal sa a se òganizasyon ki rele Canal France International (CFI) ki òganize l soti 12 rive 14 jen.
Nan rankont Montpellier a, yo brase lide sou yon bann kesyon tankou kalite enfòmasyon sou Entènèt, wòl jounalis ak blogè, sekirite pou sous enfòmasyon sou Entènèt, chanjman inovasyon yo pote, elatriye.